Depi mwa avril 2025, konpòs sou twotwa vin obligatwa nan tout senk (5) arondisman yo. Chak semèn, nan jou resiklaj, depatman sanitasyon vil la (DSNY) pase ranmase rès manje, zèb ak fèy bwa, ansanm ak lòt bagay ki ka tounen konpòs, dirèkteman nan droum mawon w lan.

Men sa pa fini la. DSNY transfòme tout dechè òganik sa yo an yon konpòs rich ak bon kalite, epi kounye a y ap remèt li bay kominote a gratis.

Ane sa a yo ajoute de (2) nouvo pwen distribisyon nan Queens, ki fè li vin pi fasil pou moun Nouyòk jwenn “lò nwa” lokal sa a atravè pwogram distribisyon konpòs vil la.

Kilès ki ka jwenn konpòs gratis?

Pwogram sa a ouvè sèlman pou moun k ap viv Nouyòk. Biznis oswa lòt aktivite komèsyal pa ladan l. Lè w vin pou w pran konpòs la, ou dwe gen yon kat idantite ak foto ki gen adrès lakay ou nan Nouyòk. Yon sèl moun nan chak kay ka enskri pou chak distribisyon. 

Ki kote ak kilè pou w al pran konpòs gratis

Gen de opsyon pou w pran konpòs: lè sezon regilye “giveback” la, ak lè gen pop-up nan kominote a.

Lokal giveback sezonye yo ouvè depi mwa avril oswa me jiska septanm, epi yo chita nan plizyè zòn nan Nouyòk:

Staten Island 
450 West Service Road
Mèkredi: 5 p.m. – 7 p.m.
Samdi: 9 a.m. – 11 a.m.

Brooklyn
459 North Henry Street
Mèkredi: 5 p.m. – 7 p.m.
Samdi: 9 a.m. – 11 a.m.

Queens
235-69 Hillside Avenue
Samdi: 9 a.m. – 12 p.m.

Queens
77-28 19th Avenue
Mèkredi: 5 p.m. – 7 p.m.
Samdi: 8 a.m. – 10 a.m.

Pou sit giveback sa yo, ou dwe enskri sou entènèt davans. Enskripsyon ouvè anviwon de (2) semèn anvan dat ou vle ale a. Lè w jwenn plas, ou ka pran jiska 10 sak konpòs, chak sak peze anviwon 40 liv.

Epi genyen evènman pop-up nan kominote yo ki pi piti, plis lokal, epi pi rilaks. Yo fèt nan pak piblik ak plas piblik pandan ete a. Ou toujou bezwen enskri davans (menm règ de (2) semèn nan aplike), epi limit la se an jeneral 2 sak pa kay. Sa se yon bon fason pou w jwenn konpòs san yon gwo angajman.

Kijan pou m enskri?

Pou w enskri, vizite nyc.gov/GetCompost. Lè enskripsyon ouvè pou lokal ak dat ou chwazi a, ou ka chwazi tranch lè w vle ale a epi ranpli fichye enskripsyon an. Apre w ap  resevwa yon imèl konfimasyon. Pa bliye pote konfimasyon an ak yon kat idantite ak foto valab lè w vin pran konpòs la. San pyès idantite, pa gen konpòs. 

Sa pou w atann nan lokal yo bay konpòs la

Nan jou randevou a, rive nan espas la nan tranch lè ou chwazi a. Lè w rive, montre konfimasyon an ak pyès idantite w. Nan sit giveback sezonye yo ki pi gwo, ou ka pran jiska 10 sak konpòs. Nan aktivite pop-up yo, li an jeneral 2 sak pa moun, epi yo fini rapid, kidonk li enpòtan pou w rive bonè.

Èske konpòs la bon kalite?

Wi. Konpòs DSNY a trete pwofesyonèlman nan etablisman li nan Staten Island. Li fèt ak dechè òganik yo ranmase nan tout vil la, epi li pase atravè yon pwosesis byen kalkile ki kraze l, konpòste l, epi filtre l. Li menm gen sètifikasyon US Composting Council, sa ki garanti li respekte estanda kalite strik. Ou ka itilize li san danje pou legim, flè, plant nan kay, pyebwa piti kou gwo — jis suiv enstriksyon ki sou sak la pou w aplike l.

Pwogram konpòs Nouyòk la pa sèlman ede diminye fatra, li bay rezidan yo yon benefis vizib ak ekolojik. Kit ou se yon jadinye nan vil la oswa w ap pran swen yon sèl plant, pwogram Compost Giveback la se yon fason ki gratis ak fasil pou w amelyore tè w ap itlize a epi soutni yon vil ki pi dirab.

Ou anvi fè jaden men l koute w twò chè? Konsilte kat Depatman Pak ak Lwazi nan vil Nouyòk pou w jwenn yon jaden kominotè tou pre w.

The post Vil Nouyòk ap bay konpòs ki fèt ak rès manje moun yo jete appeared first on Documented.