Kisa k ap rive si yon moun nan fanmi w bezwen swen medikal ijans men li pa gen asirans?
Nan eta Nouyòk, repons lan senp: lalwa egzije pou tout lopital trete w nan yon ka ijans, menm wi w pa gen asirans, kèlkeswa estati imigrasyon w.
“Depi se pou moun jwenn swen an ijans, tout pòt yo louvri,” se sa Max Hadler ki se direktè Direktè Lwa ak Inisyativ pou Imigran nan Depatman Sante ak Ijyèn Mantal Vil Nouyòk, eksplike.
Menm si w pa gen asirans, ou dwe ale nan sal ijans si w bezwen swen. Lopital — piblik oswa prive — pa gen dwa mande w peye avan yo trete w. Yo pa gen dwa mande w touche imedyatman w fin resevwa swen tou.
Lopital Nouyòk yo dwe bay swen sante gratis ak asistans finansyè pou pasyan ki pa gen gwo revni, kèlkeswa estati imigrasyon yo. Kidonk, si w pa vle ale nan ijans paske w p ap ka peye, konnen gen èd ki disponib.
Kisa ki Emergency Medicaid la?
Ou ka kalifye pou yon pwogram leta ki rele Emergency Medicaid. Pwogram sa a ede moun ki pa gen gwo revni, imigran regilye ak tanporè ki abite Nouyòk peye depans swen medikal ijans.
Avantaj sa la sèlman pou ijans ki serye — sitiyasyon kote sante w ap vrèman an danje si w pa jwenn tretman rapid. Li pa kouvri maladi kwonik, swen pou prevansyon, oswa egzamen regilye. Pou bezwen sa yo, ou dwe aplike pou yon lòt kalite asirans sante. Ou ka gade opsyon w genyen yo nan lyen sa a, epi si w se yon moun k ap chèche azil, tcheke lyen sa a.
Kiyès ki ka aplike pou Emergency Medicaid?
Ou pa bezwen yon sitwayen ameriken oubyen gen estati imigrasyon legal pou w kalifye pou Emergency Medicaid. Kondisyon prensipal la se revni w. Daprè Hadler, si w ap touche anviwon 1,800 dola pa mwa oswa mwens antanke yon granmoun selibatè, ou gen chans pou w kalifye. Men yon zouti sou entènèt la pou w chache opsyon ki disponib pou ou nan Nouyòk — tankou Emergency Medicaid — epi detèmine si w kalifye selon revni w ak kantite moun fanmi w genyen.
Kisa Emergency Medicaid peye?
Emergency Medicaid gratis. Li kouvri tout depans swen ijans, tankou
- Kriz kadyak ak stwok
- Gwo doulè oswa blese
- Tranche ak akouchman ijan
- Dyaliz
- Kèk medikaman pou kansè
Ki lè ak kijan pou w enskri nan Emergency Medicaid
Ou pa oblije enskri anvan ijans lan pou w jwenn èd. Lopital yo, klinik kominotè yo ak depatman sante ka ede w enskri apre yo fin trete w oswa yon manm fanmi w, epi pwogram nan ka peye swen w te resevwa jiska 90 jou anvan w te aplike.
Men, li toujou pi bon si w ka enskri davans. Konsa, w ap konnen w asire menm anvan nenpòt sitiyasyon rive.
Men kijan pou w aplike:
- Si w gen mwens ke 65 an: Vizite nystateofhealth.ny.gov oswa rele 1-855-355-5777.
- Si w gen 65 lane ou plis, oswa ou gen yon andikap: Rele 347-396-4705 pou w jwenn èd ak aplikasyon w lan.
- Nan ka ijans: Ou ka aplike nan lopital la pandan oswa apre vizit la — asire w fè sa anvan twa mwa apre dat ou te resevwa swen an.
- Ou pa sèten w kalifye? Rele 311 pou w pale ak yon moun ki ka ede w.
Genyen tou asistans gratis pou w enskri nan asirans sante nan lang ou pale a, ki disponib pou moun ki abite Nouyòk.
Èske lè w resevwa swen sante gratis sa afekte estati imigrasyon w?
Non. Aplike pou Emergency Medicaid oswa Full Medicaid p ap afekte estati imigrasyon w. Li pa konsidere tankou yon èd gouvènmantal, epi yo p ap pataje enfòmasyon w ak otorite imigrasyon yo tankou ICE oswa USCIS.
E pou timoun yo?Hadler te pataje yon lòt mesaj enpòtan pou fanmi imigran yo: “Tout timoun nan Eta Nouyòk kalifye pou asirans sante — kèlkeswa estati imigrasyon yo. Pri pou kouvri asirans lan varye selon revni fanmi an, men yo pa gen dwa refize bay okenn timoun swen, kit se yon ijans ou pa.” Aprann plis nan lyen sa a sou Child Health Plus, ki bay asirans sante gratis oswa ki pa chè pou timoun ki poko gen 19
The post Men kijan ou ka peye swen medikal ijans Nouyòk si w pa gen asirans appeared first on Documented.

