Youn nan premye desizyon anpil nouvo sitwayen pran se aplike pou yon paspò ameriken. Yon paspò pa sèlman pèmèt ou vwayaje aletranje, li se yon bon pyès idantite tou, epi li sèvi kòm prèv ofisyèl sou nouvo sitwayènte w. Si w fenk natiralize, men sa w dwe konnen pou w aplike pou premye paspò ameriken w.

Depi w fin prete Sèman Fidelite a epi w resevwa Sètifika Natiralizasyon w, ou kalifye pou w aplike. Sètifika sa a ap sèvi kòm prèv prensipal sitwayènte ameriken w lè w ap soumèt aplikasyon pou paspò a.

Kòm yon premye aplikan epi kòm nouvo sitwayen, ou dwe aplike an pèsòn. Men etap yo.

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an oktòb 2025.

Etap 1: Ranpli aplikasyon an

Ranpli Fòm DS-11: Aplikasyon pou Paspò ameriken an. Ou ka ranpli l sou entènèt ak zouti Form Filler Depatman Deta a epi enprime li, oswa w ka ranpli yon kopi papye alamen. Asire w ou enprime l sou papye ki gen enpresyon sou yon sèl bò sèlman, epi pa siyen fòm nan jiskaske yon ajan nan sant ki aksepte aplikasyon paspò yo mande w fè sa.

Nan aplikasyon an, ou ka mande yon liv paspò, yon kat paspò, oswa tou de. Si w vwayaje souvan, ou ka chwazi vèsyon “gwo liv” la ki gen plis paj pou viza. 

Etap 2: Rasanble dokiman ki obligatwa yo

Ou dwe bay prèv sitwayènte ameriken w. Pou nouvo sitwayen yo, se sètifika natiralizasyon w lan. Ou dwe soumèt sètifika orijinal la ansanm ak aplikasyon an. Ou dwe mete tou yon fotokopi sètifika a sou papye blan nòmal ki mezire 8.5 × 11 pous.

Anplis prèv sitwayènte a, ou dwe prezante yon pyès idantite valab ak foto, tankou lisans chofè oswa kat idantite eta a, epi bay fotokopi devan ak dèyè pyès idantite sa a. Si pyès idantite w soti nan yon lòt eta pase kote w ap fè demann lan, pote yon dezyèm pyès idantite ak foto. Ou ka vizite paj idantifikasyon an pou w wè tout lis foto idantite ki akseptab yo. 

Ou bezwen yon foto paspò tou. Foto a dwe rèspèkte règ ofisyèl yo: an koulè, gwosè 2 pous pa 2 pous, gen mwen ke sis mwa depi w fè l, ak yon fon blan oswa blan pal, senp. Linèt pa otorize sou foto a. Pa kole foto a ou menm, ajan an ap okipe sa.

Etap 3: Soumèt aplikasyon an ak dokiman yo

Lè w fin rasanble aplikasyon, sètifika, pyès idantite, fotokopi, ak foto yo, ou dwe pote tout bagay nan yon sant ki resevwa aplikasyon paspò. Souvan, sant sa yo nan biwo lapòs yo, nan kèk bibliyotèk, oswa nan biwo gouvènman lokal yo. Gen kèk ladan yo ki bay sèvis foto paspò sou plas tou.

Si w bezwen paspò a ijan, ou ka ale dirèkteman nan yon ajans paspò rejyonal.

Lè w rive nan sant lan, ou pral prezante dokiman yo, fè sèman, epi siyen fòm nan devan ajan an. Ou dwe peye frè ki obligatwa yo tou. Yon paspò nòmal pou granmoun koute 130 dola. Si w bezwen tretman rapid, ou ka mande sèvis eksprès pou 60 dola anplis. An jeneral, pèman an fèt pa chèk oswa manda postal sou non Depatman Deta Ameriken.

Ou dwe peye tou yon frè akseptasyon 35 dola bay sant ki resevwa aplikasyon an. Anpil fwa, ou ka peye frè sa a ak kat kredi oswa kat debi.

Etap 4: Suiv aplikasyon w lan

Apre w fin soumèt aplikasyon an, y ap voye l ale pou tretman. An jeneral, tretman nòmal pran ant sis a uit semèn, tandiske sèvis eksprès dabitid la pran de a twa semèn.

Ou ka verifye estati aplikasyon w lan sou sit entènèt Depatman Deta a. Si w te bay yon adrès imèl, w ap resevwa mizajou sou estati aplikasyon an pa imèl tou.

Si w pa resevwa mizajou yo, ou bezwen chanje adrès imèl pou notifikasyon yo, oswa si w vle plis detay sou diferan etap estati yo, ale sou paj ki pèmèt ou tcheke estati aplikasyon an pou plis enstriksyon.

Etap 5: Resevwa paspò a ak dokiman yo

Lè aplikasyon w lan fin apwouve, yo pral voye nouvo paspò w pou ou pa lapòs. Y ap poste setifika natiralizasyon an pou ou nan pwop anvlop li, kidonk li nòmal pou 2 dokiman yo pa rive menm lè. Yo voye paspò yo atravè sèvis livrezon USPS ki pèmèt ou suiv pakou l. Men, sètifika natiralizasyon an souvan poste nan First Class Mail nan anvlòp apa san suivi, e li ka pran jiska kat semèn pou l rive. 

Ou ka verifye estati aplikasyon w lan sou entènèt pou wè ki lè yo poste paspò a ak dokiman sipò yo. Si plis pase de semèn pase depi yo voye paspò a, rele 1-877-487-2778 pou w jwenn èd. Si plis pase kat semèn pase san ou pa resevwa dokiman sipò yo, rele menm nimewo a pou rapòte reta a. 

Ou gen lòt kesyon sou sijè sa a oswa sou fason li ka afekte w? Ou ka kontakte yon espesyalis nan Documented.info pou w jwenn repons gratis e konfidansyèl.

The post Kijan pou w aplike pou yon paspò ameriken kòm nouvo sitwayen appeared first on Documented.