Èske w konnen vrèman ki travay majistra a fè ak kijan li travay ansanm ak lòt eli nan vil ak eta a? Gid sa a bay yon apèsi sou moun ki responsab vote ak fè respekte lwa yo nan City Hall vil Nouyòk la ak nan Capitol Eta Nouyòk la, ansanm ak kijan ou kapab kontakte yo si w gen kesyon oswa si w bezwen sipò pou w rezoud diferan pwoblèm.

Menm si ou pa ka vote, ou kapab toujou patisipe nan lavi sivik nan vil Nouyòk.

Ou dwe konnen kiyès dirijan eli vil Nouyòk yo ye

Majistra

Majistra a se yon dirijan eli ki dirije gouvènman vil la. Moun ki majistra nan moman an se Zohran Mamdani. Prensipal responsablite l se chwazi komisè ajans vil yo, pwopoze bidjè a epi siyen pwojè lwa Konsèy vil la vote pou fè yo tounen lwa. Men, tankou pifò dirijan ki eli demokratikman, li genyen pouvwa tou pou mete veto sou nenpòt pwojè lwa pou anpeche li vin lwa.

Ou kapab kontakte majistra a nan lyen sa a epi voye yon mesaj ba li pou w fè l konnen sa w panse de travay l ap fè a.

New York City Mayor Zohran Mamdani speaks to reporters about the New York City budget at a news conference in New York, Tuesday, Feb. 17, 2026. Photo: AP Photo/Seth Wenig

Kontwolè finansye

Kontwolè finansye a se yon dirijan eli ki siveye finans vil la. Aktyèl kontwolè finansye vil Nouyòk la rele Mark D. Levine. Pami responsablite li genyen yo, li dwe verifye kontra vil la pou asire yo respekte règleman finansye yo, fè odit finansye sou ajans ki nan vil la epi sipèvize senk (5) fon pansyon piblik vil la.

Ou kapab kontakte biwo kontwolè finansye a si w vle soumèt yon plent konsènan depans piblik ou sispèk ki mal jere nan nimewo 212-NO WASTE (669-2783), oswa ou kapab voye yon demann enfòmasyon atravè sèvis pou sitwayen yo nan lyen sila.

Comptroller Mark D. Levine speaks during New York Mayor Zohran Mamdani’s public inauguration ceremony at City Hall in New York on January 1, 2026. (Shutterstock)

Defansè piblik

Defansè piblik la se yon dirijan eli ki gen prensipal wòl pou siveye ajans nan vil yo epi mennen ankèt sou plent moun k ap viv nan vil Nouyòk yo fè konsènan sèvis vil la ak lwa yo. Defansè piblik la genyen yon wòl tou nan prezante ak apiye pwojè lwa nan reyinyon Konsèy vil la, men li pa gen dwa vote nan pwosesis lejislatif la. Moun ki defansè piblik vil Nouyòk nan moman an, se Jumaane D. Williams

Ou kapab kontakte biwo defansè piblik la pou w jwenn sipò nan kesyon kay oswa nenpòt lòt sèvis oubyen règleman gouvènman an. Pou w voye yon demann atravè sèvis ki fèt pou sitwayen yo, klike sou lyen sila.

Public Advocate Jumaane Williams Addresses the Crowd at Monday’s TPS Rally
Photo: Béatrice Vallières for Documented.

Konsèy vil la

Konsèy Vil Nouyòk la gen 51 manm, chak reprezante yon distri diferan nan 5 gwo awondisman vil la. Prensipal travay yo se fè odyans piblik, ekri epi vote lwa, epi apwouve bidjè vil la. Yo genyen anplwaye tou ki ede  moun k ap viv Nouyòk yo jwenn sipò pou pwoblèm yo ka rankontre lè y ap chache sèvis vil la.

Pou w jwenn kiyès ki reprezantan w nan  Konsèy vil la, klike sou lyen sa a. Ou kapab vizite paj sèvis sitwayen li a pou w fè yon demann oswa bay opinyon w sou travay l ap fè a.

NYC’s first Indian American Councilmember Shekar Krishnan shares his vision for uplifting the AAPI community in Queens. Photo: April Xu for Documented

Aprann kiyès dirijan eli Eta Nouyòk yo ye

Gouvènè

Gouvènè a se yon eli ki responsab sipèvize sante, sekirite ak byennèt yon eta a. Prensipal responsablite l genyen yo se nonmen responsab ajans eta yo, pwopoze bidjè eta a epi travay ansanm ak palman eta a pou vote lwa oswa mete veto sou yo. Li sèvi tou kòm prensipal koneksyon ant eta a ak gouvènman federal la. Moun ki gouvènè Eta Nouyòk la nan moman an, se Kathy Hochul. Li se 57yèm gouvènè Nouyòk epi premye fanm ki okipe pòs sa a.

Ou kapab kontakte biwo gouvènè a lè w voye yon demann sou entènèt oswa rele 1-518-474-8390 ant 9 è nan maten ak 5 è nan aprèmidi.

Ou kapab voye yon mesaj konsènan yon nouvo lwa li siyen, bay opinyon w sou travay l ap fè a oswa poze kesyon ak pataje preyokipasyon w yon fason jeneral sou Eta Nouyòk la. Ou kapab mande yon rankont avèk li tou, men anyen pa garanti w ap kapab rankontre li tout bon vre.

New York Gov. Kathy Hochul makes an announcement. Photo: Courtesy of the Office of Governor Kathy Hochul.

Asanble Eta a

Gen 150 manm nan Asanble Eta a, chak reprezante yon distri diferan nan Eta Nouyòk la. Manm Asanble yo responsab pou prezante epi vote lwa eta a, fè odyans ak ajans eta yo, epi ede negosye finansman eta a. Yo ede tou moun yo reprezante yo rezoud pwoblèm oswa reponn kesyon sou sèvis ajans eta a ofri.

Pou w jwenn manm asanble w la, klike sou lyen sa a.

Sena Eta a

Gen 63 senatè nan Eta Nouyòk. Prensipal responsablite yo se ekri epi apwouve lwa yo. Pou w jwenn senatè eta w la, klike sou lyen sa a. Ou kapab kontakte senatè zòn ou an pou bay avi w sou pwojè lwa k ap tann apwobasyon yo epi mande asistans lè w voye yon demann nan lyen sa a

The post Gid pou w kontakte dirijan ki nan gouvènman vil ak Eta Nouyòk appeared first on Documented.