Premye rankont ou ak yon avoka se pou ede w konprann tout opsyon legal ou genyen yo epi prepare w pou odyans tribinal la. Wòl avoka yo se ede w. 

Li enpòtan anpil pou w pale ak yon avoka sou dosye imigrasyon w san pran tan, paske sa ka pran plizyè mwa pou w jwenn youn ki ka reprezante w oswa youn ou renmen.

Anvan w al nan rankont ak yon avoka, asire w ou fè rechèch sou li. Youn nan premye bagay ou ta dwe fè se tcheke Asosyasyon Avoka nan Eta ou ye a pou w wè si avoka sa a gen lisans pou l pratike metye a. Ou ka chèche tou sou entènèt sa lòt moun di sou travay li. 

Enfòmasyon sa a pa ranplase konsèy legal yon avoka kalifye oswa yon reprezantan akredite. Dènye mizajou fèt sou atik sa a an oktòb 2025. Yon vèsyon atik sa a te pibliye deja sou ImportaMi.com.

Ki dokiman m dwe pote nan konsiltasyon an?

Avoka w la ap bezwen konnen tout enfòmasyon posib ki konsène dosye w la, kidonk li enpòtan pou w rasanble dokiman sa yo: 

  • Dokiman idantifikasyon, tankou paspò w oswa batistè w, si w genyen yo.
  • Dokiman ki gen rapò ak dosye imigrasyon w, tankou Notice to Appear (NTA), fòm Verification of Release (VOR), ak nenpòt ki dokiman yo te remèt ou nan sant akèy la. 
  • Papye ki gen rapò ak yon arestasyon oswa nenpòt rankont ak fòs lòd yo (oswa si yo te fè yon krim kont ou menm oswa yon manm nan fanmi w). 

Pa bliye, menm si kopi dokiman yo sifi o kòmansman, avoka a ka mande w orijinal yo lè w rive nan etap pou w prezante dokiman yo bay jij la. 

Li enpòtan anpil pou w vini byen prepare pou premye rakont ak avoka a. Asire w ou gen yon plim ak yon kaye, oswa yon aplikasyon pou w pran nòt sou telefòn ou. Konsa, w ap ka note byen fasil enfòmasyon enpòtan yo, tankou repons pou kesyon w yo ak tout nouvo detay w aprann. 

Kisa m dwe prepare pou m di avoka a?

Premye rankont ou ka fèt ak avoka a dirèkteman, oswa ak yon asistan legal. Yon paralegal oswa yon asistan legal, se yon moun ki gen fòmasyon pwofesyonèl pou ede avoka a, li nòmal pou yo rankontre ak kliyan, sitou pandan premye vizit yo.

Kit ou rankontre ak avoka a oswa asistan legal li, premye rankont lan se yon okazyon pou w rakonte istwa w. Sa ap pèmèt avoka a evalye dosye a epi jwenn pi bon fason pou ede w. Pataje detay sa yo ka difisil epi sa ka fè w emosyonèl, men sa nesesè pou avoka a byen konprann sitiyasyon w. Men kèk kesyon yo ka poze w:

  • Poukisa ou te vini Etazini?
  • Dat enpòtan yo, tankou ki lè ou te antre Etazini.
  • Eske w deja gen yon odyans tribinal ki pwograme?
  • Kèk detay sou pakou imigrasyon w.
  • Eksperyans ou sou fwontyè a ak ajan imigrasyon yo. 

Sonje byen, tout sa w diskite ak avoka a rete konfidansyèl ant ou menm ak li. Toujou bay laverite epi santi w alèz pou w rakonte tout istwa w san w pa sere okenn detay. 

Ki kesyon m dwe poze avoka a?

Konsiltasyon sa a se yon bon moman pou w poze kesyon epi wè si avoka sa bon pou ou. Men kèk sijè w ka diskite ak  kèk kesyon ou ka poze lè w ap rankontre ak yon avoka pou premye fwa:

  • Èske w gen eksperyans nan dosye imigrasyon?
  • Èske w trete dosye ki sanble ak pa m nan deja?
  • Èske w gen tan pou w okipe w de dosye mwen an?
  • Èske w gen referans oswa ansyen kliyan mwen ka pale avèk yo?
  • Konbyen kob frè ou mande, epi kijan mwen dwe peye yo?
  • Èske w ap bay resi apre pèman yo?
  • Èske w ap banm yon kontra ekri?
  • Èske kontra sa ap disponib nan lang mwen pi alèz la?

The post Prepare w pou premye rankont ou ak yon avoka imigrasyon appeared first on Documented.